🌐 Teknoloji pou lavni Ayiti | ITIS - Information Technology for Innovative Solutions

Information Technology for Innovative Solutions

“Teknoloji, Konesans, ak Inovasyon pou yon Ayiti miyò.”

Byenvini nan ITIS

Nou se Information Technology for Innovative Solutions — yon lekòl pwofesyonèl ki fòme jenerasyon pwochen nan teknoloji, syans, lang, ak kominikasyon.

Nou kwè nan travay serye, disiplin ak inovasyon.

Kontakte Nou Enskripsyon

Istwa Lekòl la, kiyès li ye e ki kote li sòti?



꙰꙰꙰ ITIS ꙰꙰꙰ Se yon lekòl pwofesyonèl ki louvri pòt li le 26 jen 2020 pou premye fwa na vil dèlma ak objektif pou bay jèn ayisyen yon chimen klè pou aprann metye ak konesans teknik ki ka sèvi pou bati yon pi bon lavni. Avèk 19 etidyan sèlman nan yon espas kwense, kote nan premye lanse nou te kòmanse ak kou matematik epi enfòmatik e nan kèlke ane ki pral tounen yon syans. ITIS toujou priyorise, bon jan fòmasyon nan sistèm edikatif la, se sa ki fè Administrasyon lekòl la spesyalman Ing. Constant te nan obligasyon pou nou t apran'n etidyan nou yo byen nan tout kyetid.



Kèk tan aprè, nou te ale vizite yon lokal, nan ane 2022 kote ke li te pi agreyab, pi gran pou nou te enstale etidyan nou yo nan lòt konfò, se la menm ankò nan ane 2023 nou ajoute kou lang e fè kou enfòmatik lan tounen yon syans, epi fizik avèk chimi.


Depi lè sa, ITIS grandi ak anpil disiplin diferan — soti nan syans ak teknoloji, rive nan lang ak antreprenarya.
E jounen jodya ekip ITIS la santi li kontan e fyè nan fè yon gwo travay nan kominote a ki se fòme.


✦ Misyon Nou

  • Prepare etidyan yo pou mache travay la.
  • Enspire disiplin, respè ak kolaborasyon.
  • Fòme pwofesyonèl ki gen konesans ak etik.

✦ Objektif

  1. Devlope nan tout peyi a.
  2. Mete aksan plis sou edikasyon ak fòmasyon etidyan nou yo.
  3. Ogmante plis pwofesyonèl pou peyi a.

✦ Vizyon Nou

Vin youn nan sant fòmasyon ki pi inovatè nan peyi a, kote chak jèn jwenn chans pou devlope kapasite li san baryè.